Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 47

Sòm 47:2-7

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2(047:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
3(047:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.
4(047:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
5(047:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
6(047:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
7(047:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!

Read Sòm 47Sòm 47
Compare Sòm 47:2-7Sòm 47:2-7