Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 44

Sòm 44:7-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
7(044:8) Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont.
8(044:9) Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi.
9(044:10) Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò.
10(044:11) Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.
11(044:12) Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.
12(044:13) Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.
13(044:14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
14(044:15) Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.
15(044:16) -(we vèsè pwochen)
16(044:17) Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'.
17(044:18) Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.
18(044:19) Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.
19(044:20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.
20(044:21) Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye,
21(044:22) èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?
22(044:23) Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.
23(044:24) Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt!
24(044:25) Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou?
25(044:26) Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat.

Read Sòm 44Sòm 44
Compare Sòm 44:7-25Sòm 44:7-25