Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 39

Sòm 39:2-8

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2(039:3) Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd.
3(039:4) Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande:
4(039:5-)Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a.
5(039:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
6(039:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.
7(039:8) Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou!
8(039:9) Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz.

Read Sòm 39Sòm 39
Compare Sòm 39:2-8Sòm 39:2-8