20Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen.
21Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado.
22Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.
23Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.
24Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men.
25Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.