2Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.
3Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
4Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
5Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
6L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.