10Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.
11Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.
12Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.
13Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.
14Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.