Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 35

Sòm 35:7-13

Help us?
Click on verse(s) to share them!
7San m' pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen. San m' pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'.
8Men, y'ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo, y'ap pran nan pèlen yo te tann lan, y'ap tonbe nan twou yo te fouye a.
9Se konsa Seyè a pral fè kè m' kontan, m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen.
10M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.
11Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.
12Moun mwen fè byen se yo k'ap fè m' mal. Mwen fin dekouraje.
13Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,

Read Sòm 35Sòm 35
Compare Sòm 35:7-13Sòm 35:7-13