Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 35

Sòm 35:1-6

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m' yo, goumen ak moun k'ap fè m' lagè yo.
2Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou.
3Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k'ap pousib mwen yo. Fè m' konnen se ou menm k'ap delivre m'.
4Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo.
5Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo.
6Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo.

Read Sòm 35Sòm 35
Compare Sòm 35:1-6Sòm 35:1-6