Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 30

Sòm 30:2-11

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2(030:3) Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.
3(030:4) Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri.
4(030:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.
5(030:6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.
6(030:7) Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'.
7(030:8) Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase.
8(030:9) Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou.
9(030:10) Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?
10(030:11) Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou!
11(030:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.

Read Sòm 30Sòm 30
Compare Sòm 30:2-11Sòm 30:2-11