4Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.
5Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.
6Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.
7Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.
8Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.