12pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.
13Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.
14L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.
15Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.
16Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.