Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 139

Sòm 139:3-8

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè.
4Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.
5Kote m' vire, ou la bò kote m', w'ap pwoteje m' ak pouvwa ou.
6Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo.
7Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou?
8Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou.

Read Sòm 139Sòm 139
Compare Sòm 139:3-8Sòm 139:3-8