15Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
16Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
17Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
18Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
19Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
20Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!