Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 136

Sòm 136:13-24

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
14Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
15Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
16Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
17Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
18Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
19Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
20Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
21Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
22Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
23Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
24Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Read Sòm 136Sòm 136
Compare Sòm 136:13-24Sòm 136:13-24