3Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.
4Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
5Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.
6Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.
7Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.
8Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!