151Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.
152Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.
153Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!
154Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
155Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.
156Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la.
157Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.
158Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.
159Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'.
160Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.