Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 3

Pwovèb 3:14-29

Help us?
Click on verse(s) to share them!
14Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò.
15Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.
16Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
17L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè.
18Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!
19Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li.
20Avèk konesans li, li fè larivyè yo koule. Li fè nwaj yo bay lapli sou latè.
21Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.
22Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
23W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.
24Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.
25Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.
26Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.
27Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.
28Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy!
29Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.

Read Pwovèb 3Pwovèb 3
Compare Pwovèb 3:14-29Pwovèb 3:14-29