Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 31

Pwovèb 31:3-18

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo.
4Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.
5Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.
6Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.
7Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.
8Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.
9Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.
10Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
11Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.
12Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen.
13Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'.
14Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.
15Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.
16Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li.
17Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.
18Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.

Read Pwovèb 31Pwovèb 31
Compare Pwovèb 31:3-18Pwovèb 31:3-18