25Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen.
26Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.
27Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè.
28Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li.
29L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!
30Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.
31Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.