Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 31

Pwovèb 31:22-28

Help us?
Click on verse(s) to share them!
22Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.
23Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen.
24Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.
25Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen.
26Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.
27Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè.
28Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li.

Read Pwovèb 31Pwovèb 31
Compare Pwovèb 31:22-28Pwovèb 31:22-28