14Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.
15Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.
16Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li.
17Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.
18Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.
19Li file koton, li koud rad li.
20Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.
21Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.
22Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.