13Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa.
14Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè.
15Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan.
16Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou.
17Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye.
18Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a.
19Lakay yo, se antre pa soti. Pa gen lavi pou ou ankò!
20Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi.
21Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la.