Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 29

Pwovèb 29:21-26

Help us?
Click on verse(s) to share them!
21Lè ou mou ak yon esklav depi li tou piti, rive yon lè l'ap konprann se pitit ou li ye.
22Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.
23Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.
24Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li.
25Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen.
26Anpil moun ap kouri dèyè favè chèf. Men, se Bondye k'ap jije tout moun san patipri.

Read Pwovèb 29Pwovèb 29
Compare Pwovèb 29:21-26Pwovèb 29:21-26