Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 26:15-25 in Haitian

Help us?

Pwovèb 26:15-25 in Bib La

15 Parese a pran kiyè l' nan men l'. Men, pou l' leve l' mete nan bouch li, se yon pakèt afè.
16 Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di.
17 Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l', se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen.
18 -(we vèsè pwochen)
19 Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun.
20 Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.
21 Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.
22 Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.
23 Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri.
24 Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun.
25 Lè l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l', paske nan fon kè l', se mechanste ase ki genyen.
Pwovèb 26 in Bib La