Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 26

Pwovèb 26:15-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
15Parese a pran kiyè l' nan men l'. Men, pou l' leve l' mete nan bouch li, se yon pakèt afè.
16Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di.
17Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l', se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen.
18-(we vèsè pwochen)
19Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun.
20Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.
21Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.
22Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.
23Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri.
24Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun.
25Lè l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l', paske nan fon kè l', se mechanste ase ki genyen.

Read Pwovèb 26Pwovèb 26
Compare Pwovèb 26:15-25Pwovèb 26:15-25