Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 26

Pwovèb 26:1-5

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Menm jan moun pa bezwen tann pou fè gwo fredi nan sezon chalè, ni pou lapli tonbe nan sezon rekòt, konsa tou, moun san konprann pa bezwen tann pou yo fè lwanj li.
2Madichon pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwezo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye.
3Fwèt pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann.
4Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo.
5Reponn moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye.

Read Pwovèb 26Pwovèb 26
Compare Pwovèb 26:1-5Pwovèb 26:1-5