Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 25

Pwovèb 25:4-16

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Wete tout vye kras ki nan ajan an. Efèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt.
5Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l' lan ap chita byen chita. p'ap gen lenjistis.
6Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo.
7Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la.
8Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l' lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè?
9Lè ou gen kont ak yon moun, regle zafè nou san nou pa mete lòt moun ladan li. Pa mete sekrè l' deyò.
10Paske, lè moun konnen ou pa ka kenbe sekrè, y'a fè ou wont. Y'a ba ou move non.
11Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.
12Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.
13Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l' la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouraj mèt li.
14Moun ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nwaj ak van ki pa janm pote lapli.
15Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.
16Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l'a fè kè ou plen, l'a fè ou vonmi.

Read Pwovèb 25Pwovèb 25
Compare Pwovèb 25:4-16Pwovèb 25:4-16