Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 22

Pwovèb 22:11-28

Help us?
Click on verse(s) to share them!
11Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.
12Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.
13Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a.
14Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.
15Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.
16Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv.
17Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.
18L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.
19Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a.
20Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo.
21Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo:
22Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.
23Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.
24Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.
25W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.
26Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè.
27Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.
28Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.

Read Pwovèb 22Pwovèb 22
Compare Pwovèb 22:11-28Pwovèb 22:11-28