Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 21

Pwovèb 21:20-27

Help us?
Click on verse(s) to share them!
20Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo.
21Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l' ap mache byen, y'ap respekte l'.
22Yon nonm lespri ka pran yon lavil kote ki gen anpil grannèg. L'ap kraze fòs ki t'ap fè yo pa pè anyen an.
23Veye bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm.
24Moun k'ap pase Bondye nan betiz, se moun ki radi, se moun ki awogan. Yo pa gen konsiderasyon pou pesonn.
25Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l' la tou.
26Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l' ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè.
27Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.

Read Pwovèb 21Pwovèb 21
Compare Pwovèb 21:20-27Pwovèb 21:20-27