Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 20

Pwovèb 20:3-13

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont.
4Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'.
5Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.
6Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.
7Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.
8Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.
9Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?
10Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.
11Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.
12Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
13Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje.

Read Pwovèb 20Pwovèb 20
Compare Pwovèb 20:3-13Pwovèb 20:3-13