Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 20

Pwovèb 20:25-30

Help us?
Click on verse(s) to share them!
25Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.
26Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.
27Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.
28Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri.
29Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l' yo ki fè valè l'.
30Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman.

Read Pwovèb 20Pwovèb 20
Compare Pwovèb 20:25-30Pwovèb 20:25-30