Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 20

Pwovèb 20:23-28

Help us?
Click on verse(s) to share them!
23Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans.
24Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?
25Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.
26Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.
27Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.
28Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri.

Read Pwovèb 20Pwovèb 20
Compare Pwovèb 20:23-28Pwovèb 20:23-28