19Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.
20Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan.
21Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.
22Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.
23Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans.