Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 20

Pwovèb 20:17-28

Help us?
Click on verse(s) to share them!
17Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.
18Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.
19Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.
20Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan.
21Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.
22Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.
23Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans.
24Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?
25Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.
26Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.
27Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.
28Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri.

Read Pwovèb 20Pwovèb 20
Compare Pwovèb 20:17-28Pwovèb 20:17-28