Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 1

Pwovèb 1:11-21

Help us?
Click on verse(s) to share them!
11Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.
12Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere.
13N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran.
14W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout.
15Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase!
16Yo toujou dèyè pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò.
17Kisa ou konprann ou fè lè ou kite zwezo wè ou ap tann pèlen pou li?
18Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri.
19Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.
20Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik.
21L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande.

Read Pwovèb 1Pwovèb 1
Compare Pwovèb 1:11-21Pwovèb 1:11-21