Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 19

Pwovèb 19:22-29

Help us?
Click on verse(s) to share them!
22Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò.
23Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.
24Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo.
25Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y'a vin gen plis konesans.
26Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li.
27Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.
28Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste.
29Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.

Read Pwovèb 19Pwovèb 19
Compare Pwovèb 19:22-29Pwovèb 19:22-29