Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 17

Pwovèb 17:9-14

Help us?
Click on verse(s) to share them!
9Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.
10Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt.
11Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'.
12Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute.
13Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.
14Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.

Read Pwovèb 17Pwovèb 17
Compare Pwovèb 17:9-14Pwovèb 17:9-14