Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 17

Pwovèb 17:5-13

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'.
6Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.
7Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti.
8Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè.
9Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.
10Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt.
11Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'.
12Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute.
13Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.

Read Pwovèb 17Pwovèb 17
Compare Pwovèb 17:5-13Pwovèb 17:5-13