21Se lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan.
22Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.
23Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.
24Yon moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle.
25Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'.
26Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal.
27Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann.