15Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.
16Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann.
17Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.
18Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun.
19Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.