Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 17

Pwovèb 17:13-18

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.
14Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.
15Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.
16Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann.
17Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.
18Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun.

Read Pwovèb 17Pwovèb 17
Compare Pwovèb 17:13-18Pwovèb 17:13-18