Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 10

Pwovèb 10:25-30

Help us?
Click on verse(s) to share them!
25Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm.
26Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo.
27Krentif pou Bondye fè moun viv lontan. Men, mechan yo mouri anvan lè yo.
28Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan.
29Chemen Bondye se yon pwoteksyon pou moun ki serye. Men, l'ap detwi moun k'ap fè mal yo.
30Yo p'ap janm ka fè moun k'ap mache dwat yo brannen. Men, mechan yo ap disparèt nan peyi a.

Read Pwovèb 10Pwovèb 10
Compare Pwovèb 10:25-30Pwovèb 10:25-30