Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 1

Lik 1:62-70

Help us?
Click on verse(s) to share them!
62Yo fè papa a siy pou mande l' ki non li ta vle bay pitit la.
63Zakari mande yo yon ti tablo, epi li ekri: Se Jan ki non li. Yo tout te sezi.
64Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò.
65Tout moun ki te nan vwazinaj la te pè; nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jidè a.
66Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo; yonn t'ap di lòt: Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre.
67Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran fè konnen pawòl Bondye te mete nan bouch li:
68Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj.
69Li voye yon moun avek gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li soti.
70Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.

Read Lik 1Lik 1
Compare Lik 1:62-70Lik 1:62-70