Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 9

Levitik 9:5-19

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Se konsa yo pran tou sa Moyiz te ba yo lòd pran an. Yo mennen yo devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, tout pèp la nèt sanble menm kote a, yo rete kanpe devan Seyè a.
6Lè sa a Moyiz di yo: -Seyè a te bay lòd pou nou te fè tou sa pou li ka fè nou wè pouvwa li.
7Apre sa, Moyiz di Arawon konsa: -Pwoche bò lotèl la, fè yon ofrann pou peye pou tou sa ou fè ki mal, ak yon ofrann pou ou boule nèt pou Seyè a. Apre sa w'a fè menm bagay pou pèp la. Wi, mete ofrann pèp la devan Bondye, mande Bondye pou l' fè yo gras, jan Seyè a te bay lòd la.
8Se konsa Arawon pwoche bò lotèl la, li touye ti towo bèf li te bay pou ofrann pou peye pou sa li te fè ki mal.
9Pitit li yo pote san an ba li, li tranpe dwèt li nan san an, epi li mete ti gout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li vide rès la nan pye lotèl la.
10Lè l' fini, li pran grès la, wonyon yo, mas grès ki te sou fwa a, li mete yo boule sou lotèl la jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
11Pou vyann lan ak po a, li boule yo nan dife andeyò lòt bò limit kote yo rete a.
12Apre sa, Arawon touye bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a. Pitit li yo pote san an ba li, li vide l' sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.
13Yo pote ba li tou tèt la ansanm ak rès vyann lan dekoupe, epi li mete yo boule sou lotèl la.
14Li lave tripay yo ansanm ak pye yo. Lèfini li mete yo boule sou lotèl la anwo vyann yo t'ap boule pou Seyè a.
15Apre sa, Arawon mete ofrann pèp la devan Seyè a: li pran bouk pèp la te ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la, li touye l' epi li ofri l' bay Seyè a pou peche pèp la, jan l' te fè l' pou pa l' la.
16Apre sa, li fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre regleman yo.
17Li mete ofrann grenn jaden yo devan Seyè a. Li pran yon ponyen farin, li boule l' sou lotèl la, anplis ofrann ki t'ap boule depi maten an.
18Li touye towo a ak belye a, li ofri yo tankou ofrann pèp la fè pou di Bondye mèsi. Pitit li yo pote san an ba li, li vide san an sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.
19Apre sa, Arawon pran tout moso grès towo a ak moso grès belye a, ke yo, grès ki vlope zantray yo, mas fwa yo, grès ki kouvri wonyon yo.

Read Levitik 9Levitik 9
Compare Levitik 9:5-19Levitik 9:5-19