19Apre sa, prèt la va fè ofrann pou peye sa moun lan fè ki mal. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun ki te malad la. L'a touye bèt pou yo boule nèt la.
20L'a mete l' sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.
21Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil.
22L'a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a.
23Sou wityèm jou a, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a, pou prèt la fè sèvis pou mete l' nan kondisyon pou li ka sèvi Seyè a ankò.
24Prèt la va pran ti mouton li ofri pou peye pou sa moun lan fè ki mal la ansanm ak boutèy lwil la, l'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.
25Apre sa, l'a touye ti mouton an, l'a pran ti gout nan san li l'a mete sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
26Prèt la va vide ti gout lwil nan pla men gòch li,
27l'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye lwil la sèt fwa devan lotèl Seyè a.