Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 13

Levitik 13:39-56

Help us?
Click on verse(s) to share them!
39prèt la va egzaminen l'. Si tach yo yon ti koulè blan sal, l'a konnen se yon ti gratèl ki parèt sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
40Lè yon nonm pèdi tout cheve nan tèt li, li chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
41Konsa tou, lè yon moun pèdi cheve sou tout devan tèt li, li demi chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
42Men, si kote l' chòv la yon ti tach koulè wouj-blan parèt, se ka yon move maladi po k'ap leve sou kò l'.
43Lè sa a, prèt la va egzaminen l'. Si plak la gen yon ti koulè wouj-blan tankou lè moun gen move maladi po sou kò yo,
44l'a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, akòz move maladi po ki parèt sou tèt li a.
45Lè yon moun gen yon move maladi po, l'a mete vye rad chire sou li. L'a kite tèt li san penyen, l'a kouvri figi l' depi anba nen l' desann, epi kote l' pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad!
46Pandan tout tan maladi a va sou li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon moun ki gen move maladi po li ye. L'a rete yon kote pou kont li, nan yon kay andeyò limit kote moun rete.
47Lè yon rad fèt an lenn nèt osinon an twal fen blan nèt bay mak tankou li ta vle kanni,
48ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat yo osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou yo ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon yon bagay fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni,
49si kote ki vle kanni an gen yon ti koulè vèt osinon wouj, sa vle di se kanni l'ap kanni. Se pou nou pote l' moutre prèt la.
50Prèt la va pran l', l'a egzaminen l' epi l'a fèmen bagay ki vle kanni an yon kote pou sèt jou.
51Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè kanni an gaye sou twal la, osinon li mache nan fil dwat yo osinon nan fil travè yo, oswa sou po a, osinon sou bagay fèt ak po, sa vle di se kanni l'ap kanni vre. Moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l' ankò.
52Prèt la va boule bagay ki kanni an, paske se yon move maladi k'ap manje tout rad la. Se pou yo boule l' nan dife.
53Men, si lè prèt la egzaminen l', li jwenn kanni an pa gaye nan twal la osinon nan po a,
54prèt la va bay lòd pou yo lave l'. Apre sa, l'a fèmen l' ankò yon kote pou sèt jou.
55Sou setyèm jou a, l'a egzaminen l' ankò. Si li wè kote ki te vle kanni an rete menm jan an, menm si li pa gaye sou rès twal la, bagay la pa nan bon kondisyon, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l'. Se pou yo boule l' nan dife, kanni an te mèt sou lanvè ou sou landrèt li.
56Men, si lè prèt la ap egzaminen l' dezyèm fwa a, li wè kanni an te pèdi koulè, fwa sa a, l'a chire kote ki te kanni nan twal la osinon nan po a. Ou ankò, l'a wete fil dwat ou fil travè ki te kanni nan twal la.

Read Levitik 13Levitik 13
Compare Levitik 13:39-56Levitik 13:39-56