Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jozye - Jozye 15

Jozye 15:18-56

Help us?
Click on verse(s) to share them!
18Lè Aksa rive lakay mari l', mari a di l' poukisa li pa mande papa l' yon bon jaden. Aksa al jwenn papa l'. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l': -Sa ki genyen, pitit mwen?
19Aksa reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Ou voye m' byen lwen nan dezè Negèv la. Tanpri, ban m' kek sous kote pou m' jwenn dlo non. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba yo.
20Men tout tè ki te vini pou branch fanmi Jida a. Yo separe l' bay yon pòsyon pou chak fanmi.
21Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fwontyè peyi Edon an: Kabseyèl, Edè, Jagou,
22Kina, Dimona, Adada,
23Kedèch, Azò-Yitnan,
24Zif, Telèm, Bejalòt,
25Azò adata, Keriyòt-Ezwon (ki rele Azò tou),
26Aman, Chema, Molada,
27Aza-Gada, Echmon, Bèt-Pelèt,
28Aza-Chwal, Bècheba, Biziotya,
29Bala, Iyim, Azèm,
30Eltola, Kesil, Oma,
31Ziklag, Madmana, Sansana,
32Lebaòt, Chilim, Ayin ak Rimon. Sa te fè antou vennèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
33Men non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna,
34Zanoa, An-Gannim, Tapwak, Enan,
35Jamout, Adoulam, Soko, Azeka,
36Charayim, Aditayim, Gedera ak Gedewotayim. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
37Te gen tou Etzenan, Adaka, Migdal-Gad,
38Dilean, Am Mizpe, Jokteyèl,
39Lakis, Boska, Eglon,
40Kabon, Lamas, Kitlis,
41Jedewòt, Bèt-Dagon, Nama, Makeda. Sa te fè antou sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
42Te gen tou Libna, Etè, Akan,
43Jifta, Akna, Nezib,
44Keyila, Akzib, Marecha. Sa te fè antou nèf lavil ansanm ak tout ti bouk ki sou lòd yo
45Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li.
46Soti Ekwon pou al bò lanmè, tout lavil ki nan zòn Asdòd ak tout ti bouk ki sou lòd yo,
47Asdòd ak tout ti vil ak tout ti bouk ki sou lòd li, Gaza ak tout ti bouk osinon ti vil ki sou lòd li, depi ravin ki sou fwontyè Lejip la rive sou lanmè ki sèvi yo limit la.
48Men lavil yo te genyen nan mòn yo: Chami, Jati, Soko,
49Dana, Kiriyat-Sefè (Koulye a li rele Debi),
50Anad, Estemoa, Anim,
51Gochenn, Alon, Gilo. Sa te fè antou onz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
52Te gen tou Arab, Douma, Echean,
53Janoum, Bèt-Tapwa, Afeka,
54Oumeta, Kiriyat aba (Jòdi a li rele Ebwon), ak Ziò. Sa te fè antou nèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
55Te gen ankò Maon, Kamèl, Zif, Jouta,
56Jizrèyèl, Jokdeam, Zanoa,

Read Jozye 15Jozye 15
Compare Jozye 15:18-56Jozye 15:18-56