Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 8

Jan 8:42-53

Help us?
Click on verse(s) to share them!
42Jezi di yo: Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske, mwen soti bò kot Bondye. Se li menm ki voye m' isit la. Mwen pa vini pou kont mwen. Se li menm menm ki voye mwen.
43Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo.
44Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.
45Men mwen menm, mwen pale verite a. Se poutèt sa nou pa vle kwè mwen.
46Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m' di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen?
47Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fè nou pa vle koute.
48Jwif yo reponn li: Nou te gen rezon lè n' t'ap di se moun Samari ou ye. Ou gen yon move lespri sou ou.
49Jezi di yo: Mwen pa gen okenn move lespri sou mwen. M'ap fè respe Papa mwen. Men nou menm, se derespekte n'ap derespekte mwen.
50Mwen p'ap chache lwanj pou tèt pa mwen. Gen yon moun k'ap chache l' pou mwen. Se li menm tou k'ap jije nou.
51Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l' fè, li p'ap janm mouri.
52Jwif yo di li: Koulye a, nou sèten ou gen yon move lespri sou ou. Abraram mouri. Pwofèt yo mouri tou. Epi ou menm, w'ap di: O wi, moun ki fè tou sa m' di l' fè, li p'ap janm mouri.
53Abraram ki Abraram zansèt nou, li mouri. Koulye a, ou prèt pou di nou ou pi gran pase li? Pwofèt ki pwofèt yo mouri. Sa ou konprann ou ye menm?

Read Jan 8Jan 8
Compare Jan 8:42-53Jan 8:42-53