20Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.
21Pa koute tou sa moun ap di. Konsa ou p'ap tande lè domestik ou ap pale ou mal.
22Paske ou menm tou, nan kè ou, ou konnen konbe fwa ou pale moun mal.
23Mwen sèvi avèk bon konprann mwen pou m' fè tout esperyans sa yo nan lavi. Mwen di mwen ta renmen gen bon konprann. Men, mwen pa t' janm rive genyen l'.
24Lavi se yon mistè. Li tankou yon twou san fon. Ki moun ki ka rive konprann li?
25Men, mwen pran san m' pou m' chache konnen, pou m' egzaminen tout bagay. Mwen te soti pou m' te konprann, pou m' te jwenn repons pou tout keksyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m' te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare.
26Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo.