Text copied!
CopyCompare
Bib La - Eklezyas - Eklezyas 7

Eklezyas 7:13-24

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi?
14Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa soti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l'.
15Lavi n' sou latè pa vo anyen, se vre! Men mwen wè tout kalite bagay: Mwen wè moun debyen, atout yo mache dwat la, mouri mouri yo. Mwen wè mechan yo menm ap viv lontan pou fè mechanste.
16Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè?
17Men, pa twò mechan ni pa twò sòt. Poukisa pou ou ta mouri anvan lè ou?
18Evite fè eksè ni nan yon sans ni nan yon lòt. Si ou gen krentif pou Bondye, ou p'ap tonbe nan fè eksè.
19Sa konesans fè pou yon moun, dis grannèg pa ka fè l' pou yon lavil.
20Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.
21Pa koute tou sa moun ap di. Konsa ou p'ap tande lè domestik ou ap pale ou mal.
22Paske ou menm tou, nan kè ou, ou konnen konbe fwa ou pale moun mal.
23Mwen sèvi avèk bon konprann mwen pou m' fè tout esperyans sa yo nan lavi. Mwen di mwen ta renmen gen bon konprann. Men, mwen pa t' janm rive genyen l'.
24Lavi se yon mistè. Li tankou yon twou san fon. Ki moun ki ka rive konprann li?

Read Eklezyas 7Eklezyas 7
Compare Eklezyas 7:13-24Eklezyas 7:13-24